Accessibility links

Breaking News

SZA Mennen Nominasyon pou Grammy yo


Foto Achiv: SZA ak pri Grammy li pou meye duyo - pefomans pop pou "Kiss Me More" nan 64em seremoni Remiz Pri Grammy yo nan Las Vegas, 3 Avril, 2023.
Foto Achiv: SZA ak pri Grammy li pou meye duyo - pefomans pop pou "Kiss Me More" nan 64em seremoni Remiz Pri Grammy yo nan Las Vegas, 3 Avril, 2023.

Atis SZA mennen nominasyon pou pri Grammy yo ane sa a ak yon total de 9.

Atis R&B a resevwa nominasyon nan kategori disk, albòm ak chante ane a pou albòm ni an "SOS" epi hit li a "Kill Bill".

Akademi Bozar Anrejistre yo anonse nominasyon yo Vandredi.

Phoebe Bridgers ak Victoria Monet ranpòte 7 nominasyon yo chak. Ladann gen 6 nominasyon pou djaz Bridgers la, Boygenius.

Taylor Swift, Olivia Rodrigo, Miley Cyrus, Billie Eilish, Brandy Clark, Jon Batiste ak Jack Antonoff ranpòte 6 nominasyon yo chak tou.

Seremoni remiz pri Grammy a pral dewoule 4 Fevriye, 2024. Chèn televizyon CBS ansanm ak Paramount + va difize li an dirèk depi Los Angeles.

XS
SM
MD
LG