Accessibility links

Breaking News

Taylor Swift Gen Plis Albòm ki Rive Nimewo 1 Pase Tout Lòt Fanm nan Listwa


Foto Achiv: Atis pop Taylor Swift.
Foto Achiv: Atis pop Taylor Swift.

Chantez popilè Taylor Swift ofisyèlman gen plis albòm ki rive nimewo 1 pase tout lòt fanm nan listwa.

Nouvo albòm Taylor la ki se yon re-anrejistreman yon disk li te pibliye an 2010 ki rele “Speak Now (Taylor’s Version)”, klase kòm albòm ki pi popilè sou lis Billboard 200 la tou suit apre li soti.

Albòm sa a se twazyèm pami premye 6 albòm li ke Taylor re-anrejistre.

Sa fè 12èm hit Taylor ki rive nimewo 1 - li dépase Barbara Streisand ki te okipe plas la anvan sa.

Bò kote mesye yo, Drake gen 12 hit ki rive nimewo 1 tou. Kidonk li egal ego ak Swift.

Devan mesye-dam yo nou jwenn Jay-Z ki gen 14 hit, epi gwoup Britanik Beatles limenm, ki gen 19 hit.

XS
SM
MD
LG