Accessibility links

Breaking News

Taylor Swift Fè Fanmi Dam ki Mouri nan Fiziyad Kansas City a $100,000


Taylor Swift nan seremoni remiz pri Grammy yo nan Los Angeles, 4 Fevriye, 2024.
Taylor Swift nan seremoni remiz pri Grammy yo nan Los Angeles, 4 Fevriye, 2024.

Taylor Swift fè kado $100,000 dola pou fanmi Lisa Lopez-Galvan, yon dam ki mouri nan fiziyad ki dewoule pandan parad viktwa ekip foutbol Kansas City Chiefs la.

Gen 2 kado lajan separe pou $50,000 yo chak anba non Taylor Swift, ki parèt sou paj kontribisyon GoFundMe ki tabli pou viktim nan .

Reprezantan Swift konfime donasyon yo pou magazin Variety. Ajans nouvèl Associated Press verifye enfomasyon an tou.

Lopez-Galvan, 43 zan mouri pa bal Mèkredi 14 Fevriye pandan li tap selebre viktwa Supè Bowl ekip Chiefs la, ansanm ak mari li, pitit gason li ak yon afè yon milyon fanatik ki te rasanble devan stasyon tren Union Station nan.

Gen 22 lot moun ki blese nan fiziyad la.

XS
SM
MD
LG