Accessibility links

Breaking News

Taylor Swift Ranpòte Pri Grammy pou Albòm Ane a pou 4èm Fwa - Se yon Nouvo Rekò


Taylor Swift aksepte pri Grammy pou albom ane a pou "Midnights" pandan 66em seremoni anyel remiz pri Grammy a nan Los Angeles, 4 Fevriye, 2024.
Taylor Swift aksepte pri Grammy pou albom ane a pou "Midnights" pandan 66em seremoni anyel remiz pri Grammy a nan Los Angeles, 4 Fevriye, 2024.

Taylor Swift ranpote pri albòm ane a pou "Midnights". Se konsa li vinn tabli yon nouvo rekò pou moun ki ranpòte plis pri Grammy nan kategori sa a - a savwa 4.

Miley Cyrus limenm ranpote pri pou disk ane a Dimanch pou hit li a, "Flowers".

Victoria Monet pran pri pou meyè nouvo atis la, nan seremoni remiz pri a ki te dewoule nan vil Los Angeles, ke chen televizyon CBS te retransmèt an dirèk.

Cyrus ranpote 2 pri Grammy pandan seremoni an.

Taylor Swift te pwofite okazyon an pou l anonse nouvo albòm ni an ki rele "The Tortured Poets Department", ke li di pral soti 19 Avril.

Dua Lipa bò kote pa li te louvri seremoni djak sou djak la ak yon popouri pi gran hit li yo.

Atis Phoebe Bridges te pran devan lòt atis yo bonè, apre li ranpote 4 twofe pandan seremoni ki te dewoule anvan prensipal seremoni televize a.

XS
SM
MD
LG