Accessibility links

Breaking News

Donald Trump Kestyone Fosman Ras Kamala Harris Pandan yon Parèt nan Konvansyon Jounalis Nwa yo


Kandida prezidansyel Repibliken Donald Trump a goch pandan yon aktivite Asosyasyon Nasyonal Jounalis Nwa yo nan Chicago, 31 Jiye, 2024.
Kandida prezidansyel Repibliken Donald Trump a goch pandan yon aktivite Asosyasyon Nasyonal Jounalis Nwa yo nan Chicago, 31 Jiye, 2024.

Donald Trump sigjere fosman ke Kamala Harris pat onèt ak elektè yo pa rapo ak ras li nan moman li te fè yon parèt nan konvansyon Asosyasyon Nasyonal Jounalis Nwa yo, ki tap dewoule nan vil Chicago.

San pèdi tan, entèvyou ak ansyen prezidan Repibliken an an, kap postile pou yon lot manda, te vinn ostil.

Trump bay manti lè li deklare Harris, ki se premye fanm mwa ki gen eritaj Azyatik ki janm sèvi kom vis prezidan Etazini te sèlman pale de eritaj Endyen li.

Trump deklare: "M pat konnen li te nwa jiska sa gen kèk ane lè li te sanzatann vinn nwa epi di li vle pou moun konnen li kom moun nwa. Donk m pa konnen - eske li Endyèn oubyen eske li nwa?"

Trump fè deklarasyon an devan yon gwo foul jounalis ki tap asiste konvansyon anyèl oganizasyon NABJ la.

Nap raple ke Harris se pitit fi yon Jamayiken epi manman li se moun peyi End. Tou le 2 sete imigran ki te vinn Ozetazini pou etidye nan inivèsite. Harris t al lekol nan Inivèsite Howard, ki se youn nan inivèsite nwa Ameriken ki pi presije yo. Li se an menm tan manm yon gwoup sororite istorik nwa ki rele Alpha Kappa Alpha.

Antanke senatè Ameriken, Harris te manm Kokis Nwa Kongrè a, li te apiye pwojè lwa kolèg li yo pou kore dwa vot sitwayen yo epi fè refom nan sistèm polisye a.

Trump kritike Harris pou divès bagay, depi li te ranplase Prezidan Joe Biden kom kandida a la prezidans prezime pati Demokrat la semèn pase a.

Pandan karyè politik li, ansyen prezidan an kestyone plizyè vwa, eritaj opozan li yo ki pa blan.

Michael Tyler, direktè kominikasyon kanpay Harris la pibliye yon deklarasyon kote li di: "ostilite Donald Trump demontre jodia sou sèn nan, se menm ostilite li demontre pandan tout vi li, pandan tout manda li e pandan tout kanpay prezidansyèl la nan moman lap chache reprann pouwa a."

Tyler ajoute "Trump lanse atak pèsonèl ak ensilt kont jounalis Nwa yo menm jan li te fè sa pandan prezidans li - kote li te echwe devan fanmi nwa yo epi kite peyi a ap goumen pou jere pwoblèm li kite pou nou. Trump deja pwouve li paka inifye Etazini, donk lap chache divize nou pito."

Potpawol Lamezonblanch, Karine Jean-Pierre te reponn kesyon yon jounalis Mèkredi ki mande li sa l panse de komantè Trump yo. Li te sanble li paka kwè se vre epi li te did "Wow."

Jean-Pierre, ki nwa, di Trump "degoutan" e ke li "ensiltan e ke okenn moun pa gen dwa dikte kijan yon moun wè tèt li."

Trump ataka opozan li yo plizyè fwa sou kestyon ras. Li te gen renome pou fo teyori li te pwopaje kom kwa Prezidan Barack Obama, premye prezidan nwa Etazini, pat pran nesans Ozetazini. Li te kestyone tou, kalifikasyon politisyen nwa yo pou okipe pos yo.

Ane sa a, pandan eleksyon primè Repibliken an li te refere a ansyen Anbasadris li nan LONU, Nikki Haley, ki se pitit fi imigran Endou kom "Nimbra".

Aparans Trump Mèkredi devan reyinyon jounalis Nwa yo te vinn chofe byen vit apre li te toke konn ak jounalis ABC News Rachel Scott epi akize l dèske li entwodui l yon fason malelve paske li komanse ak yon kestyon difisil ki gen pou wè ak kritik li kont moun nwa ak jounalis nwa yo, atak li kont avoka nwa kap pousuiv li an jistis epi dine li te oganize lakay li nan Florid pou yon sipremasis blan."

Trump reponn: "M kwè se yon wont. Mwen vinn isit la ak bon lespri. Mwen renmen popilasyon nwa Etazini an. Mwen fè yon pakèt bagay pou popilasyon nwa peyi sa a."

Apre sa, Trump te atake rezo Scott la, ABC News ke li plenyen ou di pata dwe oganize pwochen deba prezidansyel la, malgre li te antann ni pou fè sa anvan ak kanpay Biden nan. Li te dekri ton li ak kestyon li yo kom "mechan" - ki se yon pawol li sèvi souvan pou dekri fanm tankou Hillary CLinton ak Meghan, Duchès Sussex la.

Trump te repete manti tou ke imigran ki nan peyi a ilegalman ap "pran djob nwa yo." Lè Scott mande l kisa li vle di pa "djob nwa" Trump te reponn pou di yon djob nwa se nempot djob. Foul la te rele chal bari dèyè l pou repons sa a.

Apre sa li te deklare "Mwen se pi bon prezidan pou popilasyon nwa a depi Abraham Lincoln."

Foul la te rele chal bari, men gen kèk moun ki te bat bravo pou li tou.

XS
SM
MD
LG