Accessibility links

Breaking News

Trump Akize VP Kamala Harris Dèske li Vle Fè "Egzekisyon Tibebe" ak Ajanda Avòtman li a


Pandan yon miting politik Mèkredi, Donald Trump akize nouvo rival li ki gen anpil chans reprezante pati Demokrat la nan eleksyon Novanm lan.

Li di Kamala Harris, an favè "egzekisyon ti bebe" ak pwogram li genyen sou avòtman an.

Kandida Repibliken an pandan li tap mennen kanpay nan eta Kawolin di Nò: "Li vle avòtman nan uityèm ak nevyèm mwa gwosès la, jiska nesans e menm apre nesans, ekzekisyon ti bebe yo".

Pozisyon pati Demokrat la sou kestyon jete pitit la se ke medam yo dwe gen libète pou fè sa yo kwè ki pi bon pou yo, olye se leta ki enpoze restriksyon sou kijan pou yo jere gwosès yo.

XS
SM
MD
LG