Accessibility links

Breaking News

Biden Pral Itilize Diskou Nasyonal li Pou Esplike Poukisa Li Deside Bay Kous Prezidansyèl la Vag


Prezidan Joe Biden debake nan avyon Air Force One nan baz aviyasyon Andrews nan eta Maryland, 23 Jiye, 2024.
Prezidan Joe Biden debake nan avyon Air Force One nan baz aviyasyon Andrews nan eta Maryland, 23 Jiye, 2024.

Prezidan Joe Biden pral ensiste Mèkredi ke "defans demokrasi" pi enpotan pase okenn tit, pandan diskou nasyonal li depi Biwo Oval Lamezonblanch la.

Biden gen entansyon esplike desizyon li pran pou l kite tonbe kanpay pou l re-eli prezidan epi bay Vis Prezidan Kamala Harris sipo li.

Diskou a se pral yon premye chans pou piblik la tande nan bouch Biden rezon ki fè li kite kous la apre li te pase plizyè semèn ap ensiste li se kandida ki pi byen plase pou fè fas ak Donald Trump. Biden dekri Trump tankou yon menas egzistansyèl pou demokrasi Etazini.

Se pral yon chans tou pou Biden eseye enfliyanse fason moun va wè premye e sèl manda prezidansyèl li nan listwa.

XS
SM
MD
LG