Accessibility links

Breaking News

Barack ak Michelle Obama Andòse Kamala Harris


Barrack Obama da Kamala Harris
Barrack Obama da Kamala Harris

ATLANTA (AP) — Ansyen Prezidan Barack Obama ak ansyen premye dam Michelle Obama andose Kamala Harris pou eleksyon prezidansyèl 2024 la. Yo bay vis prezidan an sipò espere men ki toujou enpòtan paske yo se Demokrat ki pi popilè nan peyi a.

Yo te anonse andòsman an Vandredi nan yon videyo ki montre ke Harris te aksepte yon apèl telefòn de ansyen koup prezidansyel la.

Andosman sa vini pandan ke Harris ap devlope momantòm kòm kandida pati a apre desizyon Prezidan Joe Biden te pran pou mete fen nan kanpay reeleksyon li a epi l andose VP li pou al afwonte kandida Repibliken ansyen Prezidan Donald Trump.

Harris remèsye Obama yo pou sipò yo epi li di li espere fè kanpay avèk yo anvan Jou Eleksyon 5 Novanm nan.

XS
SM
MD
LG