Accessibility links

Breaking News

Fatra Nan Balon Kore Di Nò Voye nan Sid la Tonbe sou yon Bilding Prezidansyèl


Fatra ki te nan omwens yon balon Kore di Nò voye nan Sid la tonbe sou yon seri bilding prezidansyèl nan Kore di Sid.

Sa ogmante kè sote otorite yo pa rapò ak enstalasyon kle Kore di Sid yo pandan Nò Koreyen yo kontinye ak pwovokasyon yo.

Sèvis Sekirite a di fatra a pat gen okenn materyèl danjre e pèson pat blese.

Dènye seri balon Kore di Nò lanse yo ateri Mèkredi, kèk jou sèlman apre Kore di Sid te ogmante emisyon mizik K-Pop ak pwopagann lap difize yo.

Kore di Nò di balon li yo se repons li fas ak trak ki gen pwopagann ke militan Sid Koreyen yo lage nan Nò a.

Kore di Sid di balon Nò a te voye nan pase a te gen aparèy ki fè balon yo sote epi epapiye fatra a nan lè a.

Men ekspè yo di Kore di Nò pwobableman pa gen kapasite pou l lage fatra a sou sib presi.

XS
SM
MD
LG