Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Tire 2 Misil Balistik ki pa Fèt pou Rive Lwen


1일 한국 서울역에서 시민들이 북한의 탄도미사일(SRBM) 발사 보도를 시청하고 있다.
1일 한국 서울역에서 시민들이 북한의 탄도미사일(SRBM) 발사 보도를 시청하고 있다.

Kore di Nò tire 2 misil balistik ki pa fèt pou rive lwen lendi 1 jiyè a, dapre sa lame Kore di Sid la rapòte, yon jou apre Pyongyang te voye yon pinga sou "konsekans fatal" manèv militè Sid la ap fè avek alye li yo.

Eta Majò Kore di Sid la eksplike nan yon kominike ke Nò a lanse yon premye misil a 5:05 a.m. lè lokal (8:05 p.m. GMT), epi yon dezyèm 10 minit apre.

Li kontinye pou l di "premye misil balistik kout pòte a vwayaje sou apeprè 600 kilomèt e dezyèm lan vole sou 120 kilomèt," dapre kominike a.

Dapre sa otorite nan Sid yo di, yo te transmèt enfòmasyon sou ensidan sa yo bay Etazini ak Japon.

Yo ajoute pou di "Lame nou an ranfòse siveyans pou si gen lòt lansman".

Otorite Etazini ak Kore di Sid ap etidye detay nan lansman sa yo.

Sa gen kèk jou, Kore di Nò te deklare ke li teste avèk siksè yon misil ki gen plizyè tèt, e Kore di Sid bò te bay asirans ke misil sa a te eksploze pandan lansman an.

Dimanch, Pyongyang dekri egzèsis militè ke Kore di Sid, Japon ak Etazini te dirije nan sa ke yo kalifye kòm "vèsyon Òganizasyon Trete Nò Atlantik la pou Kontinan Azi a", e li voye yon pinga sou "konsekans fatal" sa ka genyen nan rejyon an.

3 jou egzèsis militè sa yo ki rele "Freedom Edge" te fèt soti Jedi pou rive Dimanch semèn pase.

Yo te konsantre sou defans aeryen, lagè anba dlo ak defans sou entènèt la epi tou yo te fèt kòm preparasyon pou fè fas ak misil balistik.

Pòt-avyon ameriken USS Theodore Roosevelt ki gen propulsion nikleyè, lans-misil destroyer Japonè JS Atago ak avyon chasè KF-16 Kore di Sid, te patisipe nan egzèsis sa yo.

XS
SM
MD
LG