Accessibility links

Breaking News

Kore di Sid Taka Voye Zam bay Ikrèn pou Ede l Konbat Envazyon Larisi


Depi plis pase 2 z-an, peyi-yo nan loksidan t-ap ekzote Kore di No pou li founi Ikrèn zam dirèkteman, kote yo ensiste ke zam Kore di Sid ta ka jwe yon kokenn wol nan ede Kyèv konbat envazyon LaRisi a.

Kore di Sid, yon gwo pwodiktè zam, te reziste, nan enkyetid komkwa ame Ikrèn dirèkteman ta ka pouse LaRisi ofri Kore di No koperasyon militè, pandan No-a ap chache èd sou zam avanse ki vize Seoul.

Kalkil sa-a ka ap chanje. Semenn sa-a, LaRisi ak Kore di No anonse yon trete defans ant 2 peyi yo. Prezidan ris Vladimir Putin te fè santi ke antant la ta ka fasilite-li founi Pyongyang plis zam.

Mouvman sa-a fè Prezidan Kore di Sid-la Yoon Suk Yeol move kou kong.

Nan yon rankont ak laprès ayè jedi a, Konseye Kore di Sid pou Sekirite Nasyonal Chang Ho-jin di gouvènman—li-a ap rekonside lide pou voye bay Ikrèn zam ki ka touye moun.

XS
SM
MD
LG