Accessibility links

Breaking News
Azi

Kim ak Putin Pwomèt pou Konbat Sanksyon Washington yo Ansanm


North Korea Russia
North Korea Russia

SEOUL, Kore di Sid (AP) — Prezidan Ris la Vladimir Putin remèsye Kore di Nò paske li sipòte aksyon li yo nan Ikrèn epi li di 2 peyi yo pral travay ansanm pou simonte sanksyon Etazini mete kont peyi yo.

Kòmantè sa yo te pibliye madi pandan lidè Ris la t ap pran direksyon Pyongyang pou l rankontre lidè Kore di Nò Kim Jong Un.

Peyi yo ap apwofondi relasyon yo devan konfwontasyon entansifye yo tou 2 genyen ak Washington.

Kòmantè Putin yo te parèt sou medya eta Kore di Nò a kèk èdtan anvan Putin te espere rive nan mitan enkyetid entènasyonal sou kowoperasyon militè kap grandi ant 2 peyi yo.

XS
SM
MD
LG