Accessibility links

Breaking News

Kiben yo di Bato Lagè Ris yo Babay


Fregat Ris Amiral Gorshkov kite po La Havann nan nan Kiba, Lendi 17 Jyen 2024.
Fregat Ris Amiral Gorshkov kite po La Havann nan nan Kiba, Lendi 17 Jyen 2024.

Bato fòs naval Ris yo kite Lahavann Lendi 17 Jyen an jan sa te prevwa, dapre ajans nouvel ris la RIA. Li site pawòl korespondan li nan Kiba.

Yon frega Ris ansanm ak yon soumaren nikleye te rive La Havann semen pase a. Etazini ak Kiba te di eskal sa a ke bato Ris yo fe nan La Havann pa poze okenn menas.

Kiben Ernesto Arias te sou plas pou di bato yo babay.

" Mwen te la pou akeyi yo e mwen vini tou pou di yo babay paske se yon evenman istorik e m kwe se yon bagay ki papka repete pandan vi nou."

Kiben Oscar Vladimir Del Bono limenm te kritike atitid l oksidan vizavi vizit bato Ris yo.

"Enperyalism se sa ki kreye fòs atant nap konstate pa rapò ak vizit sa a. Se tou senpleman yon jes nòmal ke yo te toujou fe ak Kiba, e m kwe sa pap pote okenn repekisyon - e yap reyalize sa pi ta. Li le pou yo pati kounyea. Sete senpman yon vizit ant peyi zanmi."

Kibenn Roxana Rodriguez di bato yo enpresyone l.

" Li te byen enteresan. M pat gen opotinite vizite okenn nan bato kite pase isit la. Soumaren an enpresyonan. Ou we tet li selman. Bato an trez enpresyonan tou."

Lazaro Antonio Varona te enpresyone tou.

"Bato sa a bay yon bon enpresyon. Yo byen pran swen li - ou ka we sa le w antre andedan bato a. Epi yo kite nou vizite bato a kote mwen te ka we strikti a ak kalite zam bato sa yo ka genyen. Se yon fregat e an jeneral se yon bel bato."

Anpil ekspe te konsidere l tankou yon opòtnite pou La Risi montre fòs li genyen nan moman li dozado ak l oksidan akoz lage Ikren nan.

Nap raple ke yon soumaren nikleye Ameriken te akoste nan pò be Guantanamo nan Kiba pandan vizit bato Ris yo, epi yon bato fòs naval Kanada te vinn vizite Kiba tou nan sa tou le 2 peyi yo dekri tankou deplasman woutin.

XS
SM
MD
LG