Accessibility links

Breaking News

Yon Soumaren Ameriken Akoste nan Bè Guantanamo yon Jou Apre Plizyè Bato de Gè Ris Rive Kiba


U.S. Ballistic Missile Submarine USS Kentucky anchored at Busan Naval Base
U.S. Ballistic Missile Submarine USS Kentucky anchored at Busan Naval Base

WASHINGTON (AP) — Yon soumaren Lamarin Amerikèn te askote nan Bè Guantanamo a, nan Kiba, nan kad yon demonstrasyon de fòs pandan plizyè bato lagè ris antre Kiba pou pou fè egzèsis militè yo te planifye nan Karayib la.

Komandman Sid Etazini fè konnen soumaren USS Helena, ki se yon soumaren ak fòs nikleyè, te rive nan baz ameriken an nan Kiba jedi.

Deplasman an fèt yon jou apre yon fregat Ris, yon soumaren ki gen kapasite nikleyè, yon pewolyè ak yon remòkè sekou te travèse antre nan po Lahavàn apre egzèsis yo te fin fè nan Oseyan Atlantik la.

Otorite Pentagòn yo di egzèsis Larisi yo pa reprezante yon menas pou Etazini.

Egzèsis sa yo vini mwens pase 2 semèn apre Prezidan Joe Biden te otorize Ikrèn pou l sèvi ak zam Lèzetazini te bay pou li atake andedan Larisi pou pwoteje Kharkiv.

XS
SM
MD
LG