Accessibility links

Breaking News

Harris ap Chache Sekirize Nominasyon Prezidansyèl Pati Demokrat la Apre Biden Deside Bay Vag


Foto Achiv: Vis Prezidan Kamala Harris (a goch) ak Prezidan Joe Biden nan Lamezonblanch, 9 Me, 2024.
Foto Achiv: Vis Prezidan Kamala Harris (a goch) ak Prezidan Joe Biden nan Lamezonblanch, 9 Me, 2024.

Akoz pakèt andòsman Kamala Harris resevwa kèk hè d tan apre Prezidan Joe Biden anonse lap bay kous prezidansyèl la vag, plizyè rival potansyèl Demokrat deside apiye l tou.

Senatè Joe Manchin di li pap fè konpetisyon ak Vis Prezidan Harris pou nominasyon an, kounyea ke Prezidan Joe Biden finn kite kous la.

Senatè Vijini de lwès la kite pati Demokrat la pi bonè ane sa a men li tap reflechi pou wè si li pata re-enskri kom Demokrat pou fè konpetisyon pou nominasyon prezidansyèl la ak Harris.

Men vis prezidan an ap aji rapidman pou sekirize delege Demokrat ki va apiye li kòm kandida a la prezidans pati a. Biden anonse desizyon li Dimanch an pati akoz kè sote anpil Demokrat te genyen dèske li patap kapab kale Repibliken Donald Trump nan eleksyon Novanm nan.

XS
SM
MD
LG