Accessibility links

Breaking News

Etazini: Demokrat yo Anonse Yo Ranmase $46.7 milyon Apre Kamala Harris Anonse Kandidati li

US Vice President Kamala Harris speaks during an event honoring National Collegiate Athletic Association (NCAA) championship teams from the 2023-2024 season, on the South Lawn of the White House in Washington, DC on July 22, 2024.

Gwoup ki la pou ranmase lajan pou pati Demokratik la ActBlue anonse dimanch nan ke yo te ranmase pi gwo lajan ke yo janm ranmase pou pati a nan yon sèl jounen pou eleksyon prezidansyèl 2024 la.

Sa te fèt apre Prezidan Joe Biden te abondone kous la. Li di li pap cheche repran chèz boure a pou yon dezyèm fwa, e li te andose Vis Prezidan li Kamala Harris pou djòb la.

Gwoup sa ki te fasilite koleksyon pil milyon sa yo te anonse sou rezo sosyal X ke "Apati 9 p.m. (01:00 GMT), sipòtè de baz yo te ranmase $46.7 milyon dola (42.8 milyon ero) atravè ActBlue apre lansman kandidati Vis Prezidan Kamala Harris.

Dapre gwoup la, kantite lajan yo ranmase a "reprezante pi gwo kantite lajan yo ranmase nan yon sèl jounen nan ane elektoral 2024 la."

XS
SM
MD
LG