Accessibility links

Breaking News

Palmantè Ameriken yo Sezi Tande Biden Lage Pye l nan Kous Prezidansyèl la


Foto Achiv: Lide Majorite Sena Etazini an, Demokrat Chuck Schumer, ki reprezante Nouyok nan Sena a, 9 Oktob, 2023.
Foto Achiv: Lide Majorite Sena Etazini an, Demokrat Chuck Schumer, ki reprezante Nouyok nan Sena a, 9 Oktob, 2023.

Desizyon etonan Prezidan Joe Biden pran pou l rale ko l nan kous prezidansyèl 2024 la soulve gwo bravo bo kote palmantè Demokrat yo epi kritik bo kote Repibliken ki te mande l demisyonen.

Biden anonse desizyon li Dimanch apremidi apre plizyè semèn spekilasyon ak yon ogmantasyon nan apèl andedan pwop pati li pou l lage pye l. Presyon an te ogmante apre move pèfomans li nan deba kont kandida Repibliken pou prezidans la, Donald Trump. Biden andose Vis Prezidan Kamala Harris pou nominasyon pati Demokrat la.

Lidè Majorite Sena Etazini an, Chuck Schumer deklare: "Joe Biden se non sèlman yon gran prezidan ak gran palmantè men li se yon kretyen vivan emèveyan. Desizyon li byen antandi pat fasil, men yon lot fwa anko li mete peyi li, pati li ak avni nou an premye."

Li ajoute: "Joe jodia montre ou se yon vre patriyot ak yon gran Ameriken."

Schumer, ansanm ak ansyen prezidan Lachanm, Nancy Pelosi, te travay an prive, dapre nouvèl yo, pou ankouraje Biden lage pye l. Yo te site sondaj ki montre Biden ap trennen nan anpil eta kle. Nan jou ki sot pase yo, senatè Demokrat kap fè fas ak kanpay re-eleksyon difisil nan eta Ohio, Montana ak Wès Vijini te mande prezidan an rale ko l paske yo te pè pou prezans li sou bilten vot yo andomaje chans yo.

Pelosi deklare Dimanch: "Prezidan Joe Biden se yon Ameriken patriyotik ki toujou mete peyi a devan. Li gen yon eritaj vizyon, prensip ak lidèship ki rann li youn nan prezidan ki gen plis konsekans nan listwa Etazini."

Direktris Kokis Pwogresis Kongrè a, Pramila Jaypal pibliye yon deklrasyon ki di: "Biden se prezidan pi pwogresis ak efikas sou kestyon nasyonal ak ekonomik ke m konstate nan vi pa m."

XS
SM
MD
LG