Accessibility links

Breaking News

Biden Rale Kò l Kòm Kandida Pati Demokrat la pou Eleksyon Prezidansyèl 2024 la


(FILES) US President Joe Biden speaks about his Investing in America agenda at the Wilmington Convention Center in Wilmington, North Carolina, on May 2, 2024.
(FILES) US President Joe Biden speaks about his Investing in America agenda at the Wilmington Convention Center in Wilmington, North Carolina, on May 2, 2024.

Prezidan Joe Biden rale kò l nan kous prezidansyel 2024 la Dimanch. Li mete fen nan kanpay re-eleksyon li apre yon deba dezastre kont Donald Trump ki te soulve anpil dout pa rapò ak kapasite li pou l jere prezidans la 4 mwa selman anvan eleksyon an.

Desizyon an vini apre presyon tap ogmante pami alye Demokrat Biden yo pou l lage pye l apre deba ki te dewoule 27 Jyen an, kote prezidan an ki gen 81 an te bafouye, divage epi bay repons ki pa fè sans. Li pat kwape rival li, Donald Trump, non plis tou, lè misye te bay mandi.

Biden gen entansyon kontinye ranpli wòl prezidan an jiska fen manda li, ki va bout a midi 20 Janvye 2025.

Biden ekri yon lèt ke li pibliye sou kont ofisyèl li sou rezo X kote li di: "Se pi gran onè vi mwen pou m sèvi nou kòm Prezidan. E tandiske sete entansyon mwen pou m chache re-eli, mwen kwè li nan pi bon enterè pati mwen ak peyi a pou m rale kò m epi konsantre sèlman sou ranpli devwa mwen antanke prezidan pou rès manda mwen."

XS
SM
MD
LG