Accessibility links

Breaking News

Biden Sèmante Lap Rete nan Kous Prezidansyèl la Pandan Konferans pou Laprès li


Prezidan Joe Biden pale pandan yon konferans pou lapres apre rankont o some LOTAN an nan Washington, Jedi 11 Jiye, 2024.
Prezidan Joe Biden pale pandan yon konferans pou lapres apre rankont o some LOTAN an nan Washington, Jedi 11 Jiye, 2024.

Prezidan Joe Biden louvri konferans pou laprès li a ke anpil moun te gen je brake sou li - ak yon defans fèm politik etranje ak nasyonal li yo epi voye jete kestyon sou kapasite li pou l jere prezidans la pou yon lòt 4 an. Sepandan misye te bafouye nan referans li ak Donald Trump nan youn nan premye repons li te bay yo.

Biden deklare: "Mwen pa nan kous la pou eritaj mwen. Mwen vle fini sa m te kòmanse."

Li ensiste pou di sipò li pami elektora a pi djanm pase sa moun kwè e ke li pral rete nan kous la epi genyen eleksyon an.

Prezidan an ap fè fas ak yon pakèt apèl bò kote palmantè, vedèt ak lòt Demokrat ki gen enfliyans, pou l lage pye l nan kous prezidansyèl 2024 la.

XS
SM
MD
LG