Accessibility links

Breaking News

Peyi Alye Òganizasyon Trete Nò Atlantik la yo di Lachin Ede Larisi nan Lagè Ikrèn nan

US President Joe Biden (R) speaks with UK Prime Minister Keir Starmer as Turkish President Recep Tayyip Erdogan looks on during a Working Session of the NATO Summit at the Walter E. Washington Convention Center in Washington, DC, July 11, 2024. (Photo by

WASHINGTON (AP) — Peyi LOTAN yo rale zòrèy Peken, kote yo di li se yon "peyi ki ede" lagè Larisi nan Ikrèn nan. Yo eksprime enkyetid yo sou asenal nikleyè Lachin nan ak kapasite li nan lespas.

Kominike sa ki sòti Mèkredi 10 Jiyè a montre klè ke alyans militè a fikse atansyon li sou Lachin kounye a.

Se nan somè LOTAN nan Washington DC ke 32 peyi yo te pibliye kominike a

Manm ann Ewòp yo ak nan Amerik di Nò a ak patnè yo nan Endo-Pasifik la wè gen pwoblèm sekirite ki ap ogmante nan zonn ke Larisi pataje ak sipòtè li yo ann Azi, espesyalman Lachin.

Nan kominike a, peyi manm Òganizasyon Trete Nò Atlantik la yo di ke se Lachin ki fè lagè a posib gras ak "asosyasyon san limit" li ak Larisi ak sipò li pou baz defans endistriyèl Larisi.

XS
SM
MD
LG