Accessibility links

Breaking News

500,000 Migran Taka Vinn Sitwayen Ameriken Dapre Nouvo Plan Biden Anonse Madi


Prezidan Joe Biden pale pandan yon evenman ki make 12e anivese pwogram Deferred Action of Childhood Arrivals (DACA) nan Lamezonblanch, 18 Jyen 2024.
Prezidan Joe Biden pale pandan yon evenman ki make 12e anivese pwogram Deferred Action of Childhood Arrivals (DACA) nan Lamezonblanch, 18 Jyen 2024.

Prezidan Joe Biden pase lod pou ofri soulajman pou potansyèlman plizyè santèn milye migran ki pa gen stati legal Ozetazini, nan moman lap pare pou l al nan eleksyon.

Biden anonse mezi a apre restriksyon li te anonse pi bonè mwa sa a pou sere boulon migran kap chache travèse fwontyè sid Etazini pataje ak Meksik la.

Anons Madi a gen pou wè ak yon nouvo politik etazini ki pral kite moun ki marye ak sitwayen Ameriken men ki pa gen stati legal aplike pou rezidans pèmanan epi evantyèlman sitwayènte Ameriken.

Responsab wo plase gouvènman an di mezi a taka afekte yon afè 500,000 migran.

Biden te pale sou plan sa a Madi nan Lamezonblanch. Li deklare: "Stati Libète a se yon relik istwa peyi Etazini."

XS
SM
MD
LG