Accessibility links

Breaking News

Biden Pare pou Anonse Nouvo Benefis pou Migran yo


Prezidan Joe Biden mete linet li apre li finn gade yon demonstrasyon pandan rankont lide G7 yo nan Borgo Egnazia, Itali, 13 Jyen 2024.
Prezidan Joe Biden mete linet li apre li finn gade yon demonstrasyon pandan rankont lide G7 yo nan Borgo Egnazia, Itali, 13 Jyen 2024.

Prezidan Joe Biden pral oganize yon evenman nan Lamezonblanch semen pwochen nan pou selebre yon direktiv ki egziste depi Prezidan Barack Obama te sou pouvwa a, ki te ofri pwoteksyon kont depotasyon pou jen migran ki san dokiman yo.

Selebrasyon an vini nan moman kote administrasyon Biden nan ap prepare kek nouvo benefis potansyel pou lot migran ki pa gen stati legal men ki soti nan peyi ki gen lyen ak Etazini depi lontan.

Responsab Lamezonblanch yo ap travay pou finalize yon plan kote Biden ta sevi ak pouvwa egzekitif li pou pwoteje epouz sitwayen Ameriken ki pa gen stati legal pou yo pa depote yo, epi ofri yo pemi travay. Met sou sa li vle rann pwosesis pou jwenn rezidans pemanan epi evantyelman vinn sitwayen Etazini - pi fasil.

Gen 5 moun ki o kouran de plan an men ki pat vle pou non yo site nan lapres ki bay Associated Press enfomasyon sou negosyasyon kap fet sou sa an prive.

XS
SM
MD
LG