Accessibility links

Breaking News

Biden Enpoze Nouvo Mezi pou Anpeche Migran Ki Travèse Fwontyè a Ilegalman Mande Azil


Prezidan Joe Biden fe yon deklarasyon sou lod egzekitif li sot siyen pou poze restriksyon sou migran kap travese fwontye a ilegalman, 4 Jyen, 2024.
Prezidan Joe Biden fe yon deklarasyon sou lod egzekitif li sot siyen pou poze restriksyon sou migran kap travese fwontye a ilegalman, 4 Jyen, 2024.

Migran otorite yo bare ap travèse fwontyè Etazini-Meksik la ilegalman taka pa gen chans mande azil epi oblije tounen lakay yo oubyen nan Meksik dapre nouvo restriksyon Prezidan Joe Biden anonse Madi.

Nouvo mezi yo ap antre an aplikasyon tou suit. Ap gen eksepsyon pou timoun ki poukont yo, moun ki fè fas ak menas sante oubyen sekirite ki grav, epi viktim trafik moun, dapre sa yon responsab wo plase administrasyon Biden nan di jounalis yo.

Biden, ki se yon Demokrat, adopte yon politik pi sevè vizavi sekirite fwontyè a nan moman imigrasyon reprezante youn nan kestyon ki pi enterese Ameriken yo nan mwa anvan eleksyon prezidansyèl 5 Novanm nan. Biden pral fè fas ak Repibliken Donald Trump nan eleksyon an.

Trump deja sèmante pou l sere boulon migran yo si li re-eli prezidan Etazini.

XS
SM
MD
LG