Accessibility links

Breaking News

Otorite Imigrasyon Meksiken yo Demantibile yon Gwo Kan Migran nan Meksiko Siti


Foto Achiv: Migran Ayisyen nan kan ki sitye sou plas Giordano Bruno nan katye Juarez la nan vil Meksiko Siti, 18 Me, 2023.
Foto Achiv: Migran Ayisyen nan kan ki sitye sou plas Giordano Bruno nan katye Juarez la nan vil Meksiko Siti, 18 Me, 2023.

Otorite federal imigrasyon Meksiken yo di yo demantibile youn nan pi gwo kan migran ki te genyen anba lavil Mexico siti.

Enstiti Nasyonal Imigrasyon an deklare Jedi yo te fòse migran yo peye ant $12 ak $35 anba tab pou monte tant nan espas la ki chaje kou ze zwa.

Moun ki abite nan katye boujwe Juarez la ki sitye tou pre kan migran yo te plenyen depi plizye semen ke migran finn anvayi zòn ki fet espesyalman pou pyeton yo. Moun yo di sa lakoz gen plis risk pou krim, pwoblem sante epi kounyea yo pa gen akse ak zòn kote yo te konn al pran plezi yo.

Pi fò pami 432 migran yo te dakò pou yo ranmase paket yo apre otorite yo te debake sou yo nan mitan lanuit.

XS
SM
MD
LG