Accessibility links

Breaking News

Etazini: Sena Bloke Yon Pwojè Lwa Ki Vize Kontwole Kantite Migran ki Vle Mande Azil


Asylum seekers walk for their asylum interview appointment with US authorities at the El Chaparral crossing port in Tijuana, Baja California State, Mexico, on May 18, 2024.
Asylum seekers walk for their asylum interview appointment with US authorities at the El Chaparral crossing port in Tijuana, Baja California State, Mexico, on May 18, 2024.

Repibliken yo nan Sena Etazini an bloke yon pwojè-lwa ki vize kontwole kantite migran ki rive mande azil sou fwontyè Etazini-Meksik la, pandan Lidè Majorite nan Sena a Chuck Schumer te chache ayè jedi a moutre klè rezistans pati Repibliken an kont pwopozisyon an.

Pwojè-lwa a, ke yon gwoup senatè tou 2 pati yo te negosye, pifò Repibliken te deja rejte li nan mwa Fevriye pase lè yo te konekte li ak yon pwogram èd etranje pou Ikrèn, Izrayèl ak lòt alye Etazini.

Men alòske imigrasyon ak sekirite fwontyè a tounen youn nan prensipal sijè nan eleksyon ane sa a, Demokrat yo ap chache yon repons pou pakèt atak Repibliken yo, ki gen nan tèt yo posib kandida prezidansyèl pati Repibliken an Donald Trump.

Pandan yon majorite Demokrat nan Sena a te sipòte ankò lide vòt la ayè jedi a, pwopozisyon an tonbe 43 vwa pou ak 50 vwa kont. An Fevriye pase, yon vòt tès te soti 49-50 – kidonk li pa te rive gen 60 vwa ki nesesè pou li te vanse.

XS
SM
MD
LG