Accessibility links

Breaking News

Bill ak Hillary Clinton, Melinda Gates epi Sean Penn sou Lis Envite pou Dine d Eta Lamezonblanch Oganize pou Prezidan Kenya a


Sean Penn ak Ann Lee rive nan dine d Eta Prezidan Joe Biden ak Madanm ni Jill Biden oganize nan lone Prezidan Kenya William Ruto ak madanm ni Rachel Ruto, 23 Me, 2024.
Sean Penn ak Ann Lee rive nan dine d Eta Prezidan Joe Biden ak Madanm ni Jill Biden oganize nan lone Prezidan Kenya William Ruto ak madanm ni Rachel Ruto, 23 Me, 2024.

Lamezonblanch pibliye lis moun li envite nan dine djak sou djak lap bay aswè Jedi 23 Me a nan lonè Prezidan Kenya William Ruto.

Pami non nou remake sou lis la, gen ansyen Prezidan Bill Clinton ak madanm ni Hillary, ex-madanm Bill Gates, Melinda Gates epi aktè Sean Penn ki gen dives pwojè an Ayiti.

Klike isit pou wè lis konplè a.

Premyè dam Jill Biden te bay laprès detay sou sa li planifye pou 500 envite yo aswè a.

Premye Dam Jill Biden Devwale Detay Dine d Eta Lamezonblanch Pare pou Prezidan Kenyan William Ruto ak Madanm ni, Rachel
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:21 0:00


Yon dine d eta se yon zouti diplomatik kle Lèzetazini konn itilize pou onore pi gwo alye li.

Pi bonè jodia, Prezidan Joe Biden te chante lwanj epi eksprime gratitud li vizavi Kenya pou volonte li pou dirije fos miltinasyonal pou Ayiti a.

Korespondan VOA nan Lamezonblanch Anita Powell kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG