Accessibility links

Breaking News

Biden pral Anonse Pwoteksyon Pou Anpeche Depòte Migran ki Marye ak Sitwayen Ameriken, Epi Bayo Pèmi Travay


Biden Immigration
Biden Immigration

WASHINGTON (AP) — Prezidan Joe Biden ap planifye pou l anonse yon nouvo politik migratwa ki pral leve menas depòtasyon konnt plizyè dizèn milye migran san dokiman ki marye ak sitwayen ameriken.

Se yon aksyon agresif pandan yon ane elektoral kote immigrasyon se youn nan sijè ki pi enpòtan pou elektè yo.

Biden ap òganize yon evènman La Mezon Blanch madi pou selebre direktiv epòk Obama a ki te ofri pwoteksyon depòtasyon pou jèn imigran ki san papye nan peyi a.

Lè sa a, li pral anonse nouvo pwogram nan, dapre twa moun ke Lamezon Blanch te enfòme sou plan sa.

Règleman an pral pèmèt apeprè 490,000 mari oswa madanm sitwayen ameriken jwenn yon opòtinite pou aplike pou yon pwogram ki rele "parole in place", ki ta pwoteje yo kont depòtasyon epi ofri yo pèmi travay si yo te viv nan peyi a pou omwens 10 ane.

XS
SM
MD
LG