Accessibility links

Breaking News

Juri a Jwenn Hunter Biden Koupab nan Dosye Zam li a


Hunter Biden (mitan) pitit gason Prezidan Joe Biden, manman li, premye dam Jill Biden (a goch) ak madanm ni, Melissa Cohen Biden (a dwat) kite tribinal federal la apre yo sot tande desizyon juri a, 11 Jyen 2024.
Hunter Biden (mitan) pitit gason Prezidan Joe Biden, manman li, premye dam Jill Biden (a goch) ak madanm ni, Melissa Cohen Biden (a dwat) kite tribinal federal la apre yo sot tande desizyon juri a, 11 Jyen 2024.

Juri a nan pwosè pitit gason Prezidan Joe Biden, Hunter Biden nan eta Delware jwenn misye koupab de vyolasyon lwa federal ki gen pou wè ak zam a fe.

Lajistis akize Hunter Biden dèske li te bay manti lè l te sèmante li pat pran dwog lè li te achte yon zam an 2018.

Hunter Biden gen 3 chèf akizasyon kap peze sou do li pou zam li te kenbe pandan 11 jou sèlman, anvan madanm frè li ki mouri te jwenn li nan kamyon pikop li epi jete l nan trash. Juri a jwenn misye koupab pou tou le 2 akizasyon yo.

Avoka defans yo te di akizasyon an pa pwouve ka li.

David Weiss se Met Espesyal ki te Jere Dosye a pou Depatman Jistis Etazini.

"Tout moun dwe pran responsabilite li pou aksyon yo, menm akize sa a. Sepandan, Hunter Biden pa ta dwe oblije pran plis responsabilite pase okenn lot sitwayen ke yo kondane pou menm konpotman an. Akizasyon an pran angajman pou respekte prensip sa a."

Prezidan Joe Biden ki pat al nan tribinal la -- pibliye yon deklarasyon ki di "Jill ave m nou renmen pitit gason nou e nou tre fye de gason li ye jodia. Gen anpil fanmi ki goumen ak pwoblem adiksyon an e mwen konprann fyete yo resanti le yo we moun yo renmen kite adiksyon an tonbe epi reprann viyo ak reziyans epi kouraj."

Potpawol Mezonblanch la anonse jodia ke yap anile konferans pou lapres kotidyen an e ke Biden pral pase sware a nan Delaware.

Hunter Biden pibliye yon deklarasyon tou kote l di li tre rekonesan pou lanmou ak sipo li resevwa semen pase a bo kote madanm ni Melissa, fanmi li zanmi li ak kominote li e ke li desi ak desizyon juri a.

Repibliken yo reyaji ak desizyon juri a tou. Elise Stefanik reprezante Nouyok nan Lachanm Depite.

" Ann sonje ke se depatman jistis koronpi Joe Biden nan ki te eseye negosye yon bel antant pou iminite nan kad dosye sa a. E se jij la ki te ekspoze tantativ sa a. Jodia se premye etap nan jefo pou egzije fanmi kriminel Biden nan pran responsabilite. Fok nou kontinye pouse pou pi devan antanke Depite Republiken ak anket kont fanmi Biden nan."

Pwose sa a se premye pami 2 pwosè lajistis ap mennen kont Hunter Biden, nan moman papa l ap eseye re-elu Prezidan.

XS
SM
MD
LG