Accessibility links

Breaking News

Apre li Soti Lafrans Jill Biden Al Asiste Jijman Hunter Biden nan Delaware


Hunter Biden
Hunter Biden

WILMINGTON, Del. (AP) - Premye dam Jill Biden retounen soti nan Lafrans pou l al asiste rès jijman kriminèl Hunter Biden nan Delaware.

Li gen pou li retounen an Frans pou yon dine d eta.

Prezidan Joe Biden te vwayaje Paris pou 80e anivèsè D-Day la.

Avoka akizasyon an preske fini ak pwosè sou dosye zam kont Hunter Biden. Gen de lòt temwen ki rete pou temwaye.

Pwokirè yo toujou planifye pou rele yon ekspè dwòg ak yon famasyen FBI.

Temwayaj yo pral limite a yon semèn ki ap lajman dedye ak mete aksan sou gravite pwoblèm dwòg Hunter Biden a atravè temwayaj trè pèsonèl.

Hunter te plede non koupab pou 3 krim lajistis akize li yo.

XS
SM
MD
LG