Accessibility links

Breaking News

Etazini: Aksyon Kriminèl Kont Hunter


USA-BIDEN/HUNTER-HOUSE
USA-BIDEN/HUNTER-HOUSE

Chanm Depite Etazini an lanse aksyon kriminèl kont pitit gason Prezidan Joe Biden, Hunter Biden, ak frè li, ke yo akize kòmkwa yo te bay fo deklarasyon bay Kongrè a nan kad yon ankèt pou destitisyon ke Repibliken yo ap mennen depi yon lane.

Lidè Repibliken yo nan Komisyon pou Sipèvisyon ak Responsablite, Komisyon Jistis, ak Komisyon Chwa ak Mwayen, yo tout ekri Depatman Jistis kote yo rekòmande pou pouswiv nan lajistis Hunter Biden ak James Biden anba akizasyon ke, ak konsyans yo, yo te fè tout efò pou minen ankèt Chanm Depite a.

Abbe Lowell, ki se avoka Hunter Biden, di nan yon deklarasyon ke aksyon sa a se yon efò dezespere pou fè moun bliye ankèt sou destitisyon an ki echwe.

Paul Fishman ki se avoka James Biden, repete menm santiman-an e li di ke kliyan li an te toujou di ke Joe Biden pat janm mele nan biznis li.

XS
SM
MD
LG