Accessibility links

Breaking News

Jiri A Pran Plas nan Dosye Kriminèl Kont Hunter Biden


Hunter Biden
Hunter Biden

Yon jiri pran plas li ayè lendi a nan yon pwosè federal sou zam kont pitit gason Prezidan Joe Biden, Hunter, apre yo te kesyone kandida-yo pou konnen sa yo panse sou dwa pou moun gen zam, ak esklavaj dwòg, pandan premyè dam nan te chita nan premye ranje nan tribinal-la ap gade sa ki pase, pou sipòte pitit gason li.

Deklarasyon ouvèti-yo ap tanmen jodi madi a.

Tribinal la chwazi yon jiri 12 manm ak 4 kandida rezèv nan yon jou.

Hunter Biden, ki te pase wikenn nan ak paran li, gen 3 akizasyon kriminèl sou do l nan Delaware, soti nan zam ke li te achte an 2018 lè, dapre sa li ekri nan memwa li, li te esklav dwòg. Akizasyon yo di ke li te bay manti devan yon dealer zam ki gen lisans federal, fè fo deklarasyon nan aplikasyon an pou di li pa te konn pran dwòg, e konsa li te gen yon zam ilegalman pandan 11 jou.

--

XS
SM
MD
LG