Accessibility links

Breaking News

Avoka Hunter Biden Finn Prezante Defans yo nan Dosye Federal Zam nan


Hunter Biden rive nan tribinal federal la ak madanm ni, Melissa Cohen Biden, 10 Jyen nan Wilmington, Delaware.
Hunter Biden rive nan tribinal federal la ak madanm ni, Melissa Cohen Biden, 10 Jyen nan Wilmington, Delaware.

Avoka pitit gason Prezidan Joe Biden, Hunter Biden finn prezante defans yo nan pwosè kriminèl kote lajistis akize misye dèske li tap pran dwog lè li te achte yon zam an 2018.

Avoka defans yo fini prezantasyon yo san yo pa mande Hunter Biden temwaye.

Akize pa oblije temwaye nan pwosè yo e souvan avoka yo konseye yo pou yo pa temwaye paske sa ka bay akizasyon an opotinite pou l poze yon yon pakèt keston.

Gen 3 chèf akizasyon kap peze sou do Hunter Biden pa rapo ak yon zam li te achte nan mwad Oktob 2018 e ke li te kenbe pandan 11 jou.

Avoka akizasyon yo di li ta bay manti nan dokiman mandatwa moun oblije ranpli lè yap achte zam - lè li te di li patap sèvi ak dwog ilegal e ke li pat gen adiksyon ak dwog non plis.

XS
SM
MD
LG