Accessibility links

Breaking News

Benen Ofri Pou l Kontribye 2,000 Twoup nan Fòs Sekirite Miltinasyonal pou Ayiti a


Foto Achiv: Lapolis peyi Benen nan Cotonou, 18 Nov. 2011.
Foto Achiv: Lapolis peyi Benen nan Cotonou, 18 Nov. 2011.

Benen ofri 2,000 twoup pou ede fòs polis nasyonal Ayiti takle zak vyolans gang yo.

Se sa Anbasadris Etazini nan Nasyonzuni, Linda Thomas-Greenfield anonse.

Asistans la tonbe nan kad yon misyon sekirite Kenya pral dirije ke LONU te otorize nan mwad Oktòb 2023.

Gen prèske 5,000 Ayisyen ki mouri anba zak vyolans gang ane pase a e gen yon lòt 300,000 moun ki oblije kouri kite kay yo dapre done Nasyonzini pibliye.

Thomas-Greenfield anonse nouvel la nan peyi Guayana Lendi 27 Fevriye, kote lap asiste rankont o somè Kominote Karayibeyen nan (CARICOM).

Li di li te vin o kouran de of Benen fè a yon ti tan anvan li te vwayaje.

Gen kèk peyi Karayibeyen ki ofri sipò pou misyon Ayiti a. Peyi sa yo mande pou plis peyi Frankofon pote kole ak jefò a, Anbasadris Thomas Greenfield deklare.

Etazini pwomèt $200 milyon asistans pou kore jefò kap fèt pou bloke zam ilegal kap antre nan Karayib la.

LONU estime pi fò zam a fè gang Ayiti yo genyen soti Etazini anbachal.

Kenya, ki pwomèt pou l dirije misyon an ofri pou l kontribye 1,000 polisye.

Sepandan yon tribinal Kenyan entèdi òf la kòm enkonstitisyonèl.

Kanmenm, Prezidan Kenya William Ruto di li ka satisfè kè sote tribinal la genyen fasilman e ke lap pouse pou pi devan ak plan pou dirije fòs la.

XS
SM
MD
LG