Accessibility links

Breaking News

Trump Mande Kou Siprèm nan Retade Plis Toujou Jijman sou Manipilasyon li ta Chache Fè nan Eleksyon 2020 an


Foto Achiv: Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump nan Cedar Rapids, eta Iowa, 7 Oktob, 2023.
Foto Achiv: Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump nan Cedar Rapids, eta Iowa, 7 Oktob, 2023.

Ansyen prezidan Etazini Donald Trump mande Kou Siprèm nan retade plis toujou jijman sou manipilasyon ke li ta chache fè nan eleksyon, kote li di li gen pwoteksyon pou lajistis pa pouswiv li anba akizasyon ke li te mare konplo pou ranvèse defèt li nan eleksyon 2020 an.

Avoka li yo te depoze yon apèl nan tribinal la ayè lendi a, sèlman kèk jou apre jij yo te fin tande yon lòt apèl pou li ka rete sou bilten prezidansyèl yo malgre efò ki te fèt pou wete li akoz sa li te fè apre defèt li nan eleksyon 2020 an.

“San iminite, kidonk pwoteksyon kont jijman kriminèl, Prezidans la, jan nou konnen li a, p ap ekziste ankò,” se sa avoka Trump yo te ekri, kote yo repete pawol ki jouk kounyea pa mache nan tribinal federal yo.

Apèl la mete yon pòz sou jijman kriminèl istorik kote yo pwal jije yon ansyen prezidan, kote se pi gran tribinal peyi a ki pwal deside sa ki dwe fèt. Kou Siprèm te reponn nan dapèl la nan Washington te rejte pawol Trump ki di li gen iminite, lè kou dapèl la te mande pou jijman an kontinye.

XS
SM
MD
LG