Accessibility links

Breaking News

Marianne Williamson Sispann Kanpay Prezidansyèl li


Foto Achiv: Kandida a la prezidans Marianne Williamson pandan yon rankont nan Ann Arbor, Michigan, 10 Septanm, 2023.
Foto Achiv: Kandida a la prezidans Marianne Williamson pandan yon rankont nan Ann Arbor, Michigan, 10 Septanm, 2023.

Ekriven ak gourou spirityèl Marianne Williamson sispann kanpay prezidansyèl li kom kandida Demokrat pou defye kandidati Prezidan Joe Biden nan.

Williamson ki gen 71 zan, e ki te konseye spirityèl vedèt Oprah Winfrey, anonse Mèkredi lap ofisyèlman kite kous prezidansyèl la.

Williamson te postile pou pos prezidan an an 2020, kote li te okipe gran tit nouvèl yo apre li te lanse apèl pou gen yon "revolt moral" kont Prezidan Donald Trump ki te okipe fotèy boure a nan epok la.

Dezyem kandidati Williamson pou Lamezonblanch te vini ak menm stil kanpay non-tradisyonl la, men mamzèl te goumen pou kotize lajan epi se pa bann e pa pakèt anplwaye kanpay li te bay li vag.

Depa li nan kous la kite depite Minnesota Dean Philips kom dènye politisyen ki koni nan nivo nasyonal kap defye Biden pou nominasyon pati Demokrat la kom kandida a la prezidans li.

XS
SM
MD
LG