Accessibility links

Breaking News

Konseye Biden yo Rankontre Lidè Arab Ameriken, Mizilman nan Michigan


Lexis Zeidan rele pandan yon manifestasyon pou pwoteste kont atak Izrayelyen nan Gaza, 8 Fevriye, 2024.
Lexis Zeidan rele pandan yon manifestasyon pou pwoteste kont atak Izrayelyen nan Gaza, 8 Fevriye, 2024.

Responsab Wo Plase Administrasyon Biden nan rankontre Jedi lidè Arab Ameriken ak Mizilman yo nan eta Michigan.

Rankont la tonbe nan kad jefo gouvènman an ap fè pou repare lyen ak kominote sa a ki pral jwe yon wol enpotan nan deside si Prezidan Joe Biden ka ranpote la viktwa nan yon eta ki pral jwe yon wol enpotan nan eleksyon 2024 la.

Prezidan Demokrat la ap fè fas ak kolè Arab Ameriken yo ak pwogresis yo pou sipo li bay Izrayèl apre atak 7 Oktob Hamas te lanse a, malgre Biden ensiste pou di lap eseye minimize lanmo sivil yo nan Gaza.

Gen plis pase 27,000 moun - fanm ak timoun pou pi fo - ki mouri nan Gaza depi komansman lagè a. Se sa Ministè Lasante a, ki sitye sou teritwa Hamas kontwole rapote. Hamas te touye plis pase 1,200 moun epi kidnape plis pase 250 lot - sivil pou pi fo nan atak sipriz li a.

Rankont yo te tanmen Jedi maten epi dire jis nan apremidi. Depite eta Michigan Abraham Aiash, ki se dezyem Demokrat pi wo plase nan palman eta a te pale ak Associated Press apre rankont la nan Dearborn. Rankont la te dire 2 zè d tan.

"Map eseye sèvi ak tout kapasite mwen pou m pale ak Mezonblanch la epi ede yo petèt chanje taktik. Omwens nou ka di yo paka tounen Washington epi di, yo pa tande opinyon moun yo. Nou pataje istwa. Palestinyen yo pale ak yo. Arab Ameriken pale ak yo. Mizilman Ameriken pale ak yo. Responsab eli kou senp sitwayen. Yo pa gen okenn preteks kounyea pou di yo pat konnen."

Michigan se eta Ameriken ki gen pi gwo konsantrasyon Arab Ameriken nan peyi Etazini. Gen plis pase 310,000 sitwayen eta a ki gen zansèt ki soti swa nan Mwayèn Oryan an swa nan Afrik di No. Prèske mwatye rezidan vil Dearborn yo - swa 110,000 moun se Arab.

Apre Repibliken Donald Trump te ranpote la viktwa nan Michigan ak yon maj mwens pase 11,000 vwa an 2016, Awondisman Wayne ak gwo kominote Arab yo te ede Biden repran eta a pou Demokrat yo an 2020.

Lexis Zeidan se yon aktivis ki opoze rankont yo.

"Prezidan nou gen responsabilite vizavi pep la ak demann nou ak sa nou bezwen antanke kretyen vivan. Donk se Biden ak administrayon li ak desizyon yap pran ki pral lakoz lap pedi eleksyon an epi pete re-mete Trump sou pouvwa a. Se pa fot nou. Nou isit la e nap mande e nou rekonet ke gen lavi kretyen vivan ki an je."

Lamezonblanch ak kanpay Biden nan - trèz o kouran de dinamik politik yo.

Manadjè kanpay Biden nan, Julie Chavez Rodriguez ak yon gwoup konseye te vwayaje nan Detroit mwa pase a men yo te jwenn plizyè lidè kominotè pat vle rankontre yo. Biden te vwayaje Michigan mwa pase a pou rankontre elektè ki se manm sendika yo men li pat rankontre okenn lidè Arab Ameriken.

Imam Imran Salha opoze rankont sa yo.

"Konsvèsasyon yo tap bon si yo te dewoule anvan 30 mil inosan te mouri. Kounyea li two ta."

Kèk douzèn manifestan ki tap chante "libere Palestin" epi "sispann jenosid la" te mache soti nan paking yon sant acha pou yal kanpe devan otel nan vil Dearborn kote rankont la tap dewoule.

XS
SM
MD
LG