Accessibility links

Breaking News

Yon Pakèt Gouvènè Repibliken te Rasanble sou Fwontyè Texas-Meksik la pou Presire Biden sou Imigrasyon Ilegal


Gouvene eta Texas la, Greg Abbott (mitan) ak plizye lot gouvene Repibliken pandan yon konferans de pres nan Eagle Pass, Texas, 4 Fevriye 2024.
Gouvene eta Texas la, Greg Abbott (mitan) ak plizye lot gouvene Repibliken pandan yon konferans de pres nan Eagle Pass, Texas, 4 Fevriye 2024.

Gouvènè Texas la, Greg Abbott tounen nan Eagle Pass, ki sitye sou fwontyè Meksik la, pou mete aksan sou tantativ lap fè pou redui kantite migran kap travèse antre ilegalman Ozetazini.

Abbott te gen avèk li Dimanch apremidi, plis pase yon douzèn lot gouvènè Repibliken. Yo tout te bat bravo pou defi ekstraodinè li mete devan administrasyon Biden nan sou kestyon ranfosman lwa imigrasyon yo.

"Mwatye gouvènè Ameriken yo pote kole ak Texas nan koz nan defann nan pou asire eta yo ka fè tout sa ki posib pou sekirize fwontyè nou. "

Abbott te remèsye gouvènè Repibliken yo pou sipo li epi re-itere deklarasyon li fè plizyè fwa pou di gen yon envazyon kap dewoule sou fwontyè sid la. Misye site tou yon pasaj nan konstitisyon an ke li di ba li dwa legal pou l defann eta Texas.

"Gen moun ki sou li teworis la ke yo arete tout tan pandan yap eseye travèse fwontyè a. Moun sa yo peye lajan pou yo pa mete yo anba kod. Etazini ak prezidan an pa konnen konbyen moun ki travèse fwontyè a ilegalman ki sou lis teworis la ke nou pa janm wè. Yo pa konnen ki danje kap menase nou anbachal."

Chif reko moun ki travèse fwontyè a reprezante yon pwoblèm politik pou Prezidan Joe Biden ane sa a ki se yon ane elektoral.

Biden ak tokay meksiken li an, Andres Manuel Lopez Obrador te diskite sou jefo konjwen yap fè pou kontwole migrasyon an pandan yon konvèsasyon nan telefon Samdi.

Lamezonblanch di Biden te remèsye Meksik pou sipo li ak mezi li pran pou frennen migrasyon ilegal.

XS
SM
MD
LG