Accessibility links

Breaking News

BTS: RM, V Tanmen Sèvis Militè yo


Yon ekran televizyon montre imaj RM (a goch) epi V - 2 manm gwoup K-Pop BTS la nan yon stasyon tren nan vil Seoul, Kore di Sid, 11 Dec. 2023.
Yon ekran televizyon montre imaj RM (a goch) epi V - 2 manm gwoup K-Pop BTS la nan yon stasyon tren nan vil Seoul, Kore di Sid, 11 Dec. 2023.

Manm gwoup K-Pop BTS RM ak V tanmen sèvis militè yo ki se yon egzijans nan peyi Kore di Sid - Lendi 11 Desanm.

Konpayi ki jere gwoup la anonse nouvèl la, yon jou anvan 2 lot manm gwoup la, an palan de Jimin ak Jung Kook tanmen sèvis militè pa yo.

Gen 3 lot manm BTS - a savwa Jin, J-Hope ak Suga ki ap fè sèvis militè pa yo depi plizyè mwa.

Tou le 7 manm BTS yo - yon gwoup ki popilè a mo toupatou nan mond lan - gen entansyon reyini nan ane 2025 apre yo va fini sèvis militè yo.

Yon ekran televizyon montre manm gwoup K-pop BTS pandan yon pwogram televizyon nan yon stasyon tren nan Seoul, Kore di Sid, 11 Dec. 2023.
Yon ekran televizyon montre manm gwoup K-pop BTS pandan yon pwogram televizyon nan yon stasyon tren nan Seoul, Kore di Sid, 11 Dec. 2023.

Jin ak J-Hope ap sèvi nan lame, tandiske Suga limenm ap travay kom ajan sèvis sosyal - ki se yon fom altènatif sèvis militè a.

Dapre HYBE Entertainment, konpayi ki jere gwoup la, RM ak V rive nan sant antrenman lame a nan vil Nonsan nan rejyon santral Kore di Sid pou tanmen sèvis militè yo ki pral dire 18 mwa.

Konpayi a di Jimin ak Jung Kook pral tanmen sèvis pa yo ansanm. Men HYBE pa konfime nouvèl ki parèt nan laprès Kore di Sid pou di mesye yo pral nan sant antrenman lame a Madi.

Foto Achiv: RM yon manm gwoup K-pop BTS pandan yon konferans pou lapres nan vil Seoul, Kore di Sid, 20 Nov. 2020.
Foto Achiv: RM yon manm gwoup K-pop BTS pandan yon konferans pou lapres nan vil Seoul, Kore di Sid, 20 Nov. 2020.

RM pibliye yon deklarasyon kote li di "mwen te tèlman kontan antanke manm BTS pandan 10 zan ki pase yo. 18 mwa ka sanble li long e kout an menm tan e mwen si peryod sa a ap dwol men tou li ka enspire nou pandan nap aprann bagay nouvo. Na wè nan lavni, mwen renmen nou anpil."

RM ak V pral resevwa 5 semèn antrenman konba anvan yo resevwa lod ak travay presi yo pral fè. Administrasyon Men Dèv Militè a souliyen atis yo pral pase pa menm pwosesis tout lot gason Sid Koreyen oblije pase.

Foto Achiv: V - yon manm gwoup K-Pop BTS la pandan yon konferans nan vil Seoul, Kore di Sid, 20 Nov. 2020.
Foto Achiv: V - yon manm gwoup K-Pop BTS la pandan yon konferans nan vil Seoul, Kore di Sid, 20 Nov. 2020.

Dapre lwa Kore di Sid, tout gason ki kapab dwe fè ant 18 ak 21 mwa sèvis militè. Yo konn akode egzanpsyon espesyal pou atlèt ak atis klasik kap fè bèl mèvèy nan konpetisyon entènasyonal ki lye ak prestij peyi a. Men yo poko janm bay chantè K-Pop yo egzanpsyon konsa.

Ane pase a te gen yon gwo deba nan Kore di Sid sou kestyon pou konnen si BTS ta dwe pouse pou pi devan ak sèvis militè yo. Gen kèk politisyen ki te plenyen pou di pakèt bagay yo akonpli antanke atis merite yon egzanpsyon.

Gason ki fè sèvis militè oblije sispann etid yo oubyen karyè pwofesyonèl yo - sa ki soulve anpil deba chofe ak divizyon ant gason ak vi sou mache travay la - ki trè konpetitif nan Kore di Sid.

XS
SM
MD
LG