Accessibility links

Breaking News

BTS: RM, V, Jimin, Jung Kook ap Tanmen Sèvis Militè yo nan Lame Kore di Sid 11-12 Desanm


Chante premye vwa BTS la, Jung Kook pandan yon pefomans nan pwogram televizyon "Today" chen televizyon NBC nan Rockefeller Center, Nouyok siti, 8 Nov. 2023.
Chante premye vwa BTS la, Jung Kook pandan yon pefomans nan pwogram televizyon "Today" chen televizyon NBC nan Rockefeller Center, Nouyok siti, 8 Nov. 2023.

Rès manm gwoup K-Pop popilè BTS yo pral tanmen sèvis militè yo nan mitan mwad Desanm nan.

Gen 4 ti mesye ki pral rejwenn 3 ki deja ap fè sèvis militè yo, dapre sa ajans nouvèl Kore di Sid la, Yonhap rapote. Ajans la site kèk sous nan endistri mizikal la.

Prensipal rappè BTS la ak lidè gwoup la RM, ansanm ak chantè V pral tanmen sèvis militè yo 11 Desanm. Chantè Jimin ak Jung Kook yomenm pral tanmen sèvis militè pa yo 12 Desanm, dapre sa Yonhap rapote.

7 manm gwoup BTS yo ap fè yon poz pwovizwaman nan karyè mzikal yo ann atandan yo fè sèvis militè yo nan lame Kore di Sid, ki se yon egzijans pou tout gason dapre lwa peyi Kore di Sid.

Konpayi ki jere BTS la, HYBE Entertainment di 4 mesye yo deja tanmen pwosesis enskripsyon an, men li pa fè okenn lot komantè sou koze a.

XS
SM
MD
LG