Accessibility links

Breaking News

Premye Albòm Solo Jung Kook la 'Golden' Pibliye Jodia


Foto Achiv: Pefomans Jung Kook nan pwogram chen televizyon ABC a "Good Morning America", 14 Jiye, 2023.
Foto Achiv: Pefomans Jung Kook nan pwogram chen televizyon ABC a "Good Morning America", 14 Jiye, 2023.

Atis K-Pòp Popilè Jung Kook, ki se manm BTS, pibliye premye albòm solo li Vandredi. Albòm nan rele "GOLDEN" savledi dore.

"Golden" gen 11 chante ladann epi li vini ak yon videyo ki ale ak prensipal tub la ki rele "Standing Next to You" (Kanpe bò kote w).

Yo te kreye albòm nan a dives "moman dore Jung Kook pandan pèfomans li yo ak BTS epitou antanke atis solo - dapre nòt pou laprès konpayi ki jere BTS la, HYBE Entertainment pibliye.

Kouveti nouvo albom Jung Kook la, "Golden".
Kouveti nouvo albom Jung Kook la, "Golden".

Premye mwatye albòm nan gen chanson ge ki rakonte istwa yon "moun ki tonbe damou" epi dezyem pati a gen chante pi sonb ki rakonte istwa yon relasyon ki kraze.

Atis renome Ed Sheeran ak Shawn Mendes te patisipe nan pwodiksyon albòm nan. Pami lòt atis ki patisipe ladann nou jwenn Latto, Jack Harlow epi Major Lazer.

Jung Kook pral parèt nan seri konsè Citi Concert pwogram chèn televizyon NBC ki rele Today la 6 Novanm. Epi lap yon envite nan pwogram komedyen Jimmy Fallon nan 8 Novanm.

"Golden" disponib kounyela a sou tout platfòm streaming yo.

XS
SM
MD
LG