Accessibility links

Breaking News

BTS Gen 10 Zan!


Yon mannken montre yon fey tenm ki make 10em anivese gran debu gwoup K-Pop BTS la nan biwo lapos vil Seoul, Kore di Sid, 12 Jyen 2023.
Yon mannken montre yon fey tenm ki make 10em anivese gran debu gwoup K-Pop BTS la nan biwo lapos vil Seoul, Kore di Sid, 12 Jyen 2023.

Bilding, pon ak lòt lye popilè nan kapital Kore di Sid ap limen nan koulè mov nan moman peyi a ap tanmen selebrasyon 10em anivèsè gwoup K-Pòp BTS la.

Limyè yo pral sèvi kòm anvyans pou plizyè evenman ki lye ak rezo sosyal yo pou make debu gwoup la ki gen 7 manm an 2013.

Bilding sou zile Sebitseom nan limen an mov, e li pwojte koule a sou Rivye Han nan nan vil Seoul, Kore di Sid, 12 Jyen 2023.
Bilding sou zile Sebitseom nan limen an mov, e li pwojte koule a sou Rivye Han nan nan vil Seoul, Kore di Sid, 12 Jyen 2023.

Kounyea ti-mesye yo ap fè yon poz pwovizwaman, akoz yo tout oblije fè sèvis militè, ki se yon obligasyon pou tout gason nan Kore di Sid.

Apati Lendi swa, plizyè batiman nan vil Seoul, pami yo Otel de Vil la, Tou Mondyal Lotte la, ki gen 123 etaj, divès pon sou Rivyè Han nan, ak sant boza vizyèl DDP a pral limen nan koulè mov, ki se koulè fanatik yo asosye ak BTS.

Plaza Dongdaemun Design nan limen nan koule mov pandan fanatik BTS yo pran selfie, nan vil Seoul, Kore di Sid, 12 Jyen 2023.
Plaza Dongdaemun Design nan limen nan koule mov pandan fanatik BTS yo pran selfie, nan vil Seoul, Kore di Sid, 12 Jyen 2023.

Mesaj pou felisite BTS pibliye sou gwo ekran elektwonik toupatou nan vil Seoul, e otorite lapòs yo pibliye tenm ki make anivèsè gwoup la tou.

XS
SM
MD
LG