Accessibility links

Breaking News

Minis Afè Etranje Lachin Pèdi Pozisyon li Akoz yon Relasyon Sou Kote Maryaj li Ozetazini


Foto Achiv: Ansyen Minis Afe Etranje Lachin Qin Gang nan Peken, Lachin, 23 Me 2023.
Foto Achiv: Ansyen Minis Afe Etranje Lachin Qin Gang nan Peken, Lachin, 23 Me 2023.

Ansyen minis afè etranjè chinwa Qin Gang, ki pèdi pozisyon li nan mwa Jiyè pase, te gen yon relasyon sou kote maryaj li pandan li te anbasadè nan Etazini, se sa jounal Wall Street rapòte jodi madi a, kote li site pawol moun ki te nan yon rankont pou laprès.

Nouvèl la di Qin te ede nan ankèt la, ki te santre sou kesyon pou konnen si relasyon an oubyen konduit Qin te mete sekirite nasyonal LaChin an danje.

Kèk gwo zotobre chinwa te aprann ke yon ankèt antèn nan Pati Kominis chinwa a jwenn ke Qin te angaje nan relasyon an tout pandan li te anbasadè LaChin nan Etazini, dapre nouvèl la. 2 sous di jounal la relasyon an te bay nesans yon timoun nan Etazini.

Se veteran diplomat Wang Yi ki ranplase Qin nan mwa Jiyè pase kòm minis afè etranjè apre Qin te absan pandan yon mwa lè li te gen apèn 6 mwa nan pozisyon an.

Li te prensipal delege LaChin nan Washington, depi mwa Jiyè 2021 jouk rive an Janvye ane sa a.

XS
SM
MD
LG