Accessibility links

Breaking News

Taiwan di li te detekte 68 avyon de gè Chinwa toupre kòt li


2023年8月22日,一艘菲律宾海警船和物资补给船试图闯过中国海警船在阿云金浅滩(中国称仁爱礁,国际上称Second Thomas Shoal“第二托马斯浅滩”)划定的警戒线。当时有一架美国海军在该海域上空盘旋,两艘菲律宾海军所属的试图突破中国海警船的封锁。双方动作危险,剑拔弩张。
2023年8月22日,一艘菲律宾海警船和物资补给船试图闯过中国海警船在阿云金浅滩(中国称仁爱礁,国际上称Second Thomas Shoal“第二托马斯浅滩”)划定的警戒线。当时有一架美国海军在该海域上空盘旋,两艘菲律宾海军所属的试图突破中国海警船的封锁。双方动作危险,剑拔弩张。

Otorite yo nan Taiwan fè konnen yo detekte plizyè douzèn avyon militè ak 10 bato de gè toupre kòt Taiwan nan 24 èdtan ki sot pase yo, se sa otorite yo nan zile a di Jedi.

Dapre Minis Defans Taiwan, avyon sa yo ap fè "antrènman nan lanmè ak nan lè ansanm".

Ministè a di nan yon deklarasyon Jedi ke yo detekte 68 avyon militè Chinwa ak 10 bato toupre zile a.

Ministè Defans Japon an di tou Mèkredi ke yo detekte antou 6 bato – pami yo fregat, destroyer, yon bato sipò konba rapid ak Pòt-avyon Shandong nan – ki t ap navige nan distans 650 kilomèt ak pati sid zile Miyakojima, alès Taiwan.

Li konfime tou ke aparèy lamarin li detekte avyon de chas ak elikoptè ki t ap dekole ak ateri etan nan Shandong nan.

Taipei lanse avètisman semèn sa a bay Lachin ki sanble ogmante sa ki rele taktik "zòn gri" kont Taiwan pou mete presyon sou zile a - yon tèm ke analis militè yo itilize pou dekri aksyon agresif sa yo.

XS
SM
MD
LG