Accessibility links

Breaking News

Xi Deside Bay Somè G20 an Vag, Li Pap Patisipe

FILE - Chinese President Xi Jinping is pictured in the Great Hall of the People in Beijing, June 19, 2023. Xi will attend next week's summit of the BRICS nations in Johannesburg, the Foreign Ministry said Aug. 18, 2023.

Prezidan Chinwa a, Xi Jinping pral patisipe nan somè G20 an li bay sa vag.

Rankont sa pral dewoule nan peyi End, e relasyon Lachin ak peyi sa a pa bon ditou kounyea.

Ministè Afè Etranjè Chinwa a di se Premye Minis la, Li Qiang ki pral reprezante Lachin nan rankont sila.

Lachin dozado ak End akoz yon mezantant ki gen rapò ak fwontyè yo pataje a.

Sa gen 3 zan desa, tansyon sa yo te lakòz yon lese frape ant twoup 2 peyi yo kote 20 solda Endyen ak 4 solda Chinwa te pèdi lavi yo.

Tansyon yo ogmante tou akòz komès, nan moman End ap rapwoche l ak rival Lachin nan - Lèzetazini.

Absans Xi a pral elimine tou posibilite pou l ta rankontre ak Prezidan Joe Biden pandan somè a.

Relasyon ant Lachin ak Etazini pa bon non plis, malgre vizit wo pwofil responsab Ameriken yo fè nan Peken pandan mwa ki sot pase yo.

XS
SM
MD
LG