Accessibility links

Breaking News

Meta Lanse Plis Zouti ki Pèmèt Paran yo Kontwole Kont Instagram Timoun yo


Foto Achiv: Logo Meta ki se pwopriyete Facebook devan katye jeneral konpayi an nan Menlo Park, Kalifoni, 28 Oktob 2021.
Foto Achiv: Logo Meta ki se pwopriyete Facebook devan katye jeneral konpayi an nan Menlo Park, Kalifoni, 28 Oktob 2021.

Meta, ki se konpayi ki jere Instagram ak Facebook ajoute kèk nouvo zouti ak reglaj pou pwoteje vi entim itilizate yo. Yo disponib apati jodi Madi a.

Chanjman yo vini nan moman rezo sosyal yo ap fè fas ak anpil kritik akoz fason yo afekte sante mantal tinedjè yo.

Sepandan plizyè pami nouvo zouti kap disponib Madi yo egzije pou tinedjè yo ak paran yo aksepte kontwol sa yo. Kidonk anpil moun ap poze kestyon pou konnen si vreman vre yap efikas.

Pa egzanp, Instagram pral voye yon mesaj bay tinedjè yo apre yo bloke yon moun sou kont yo. Mesaj la pral ankouraje yo pou yo kite paran yo "sipèvize" kont yo.

Ide a se fè timoun yo kominike ak paran yo nan moman kote yo taka bezwen sajès yon granmoun.

XS
SM
MD
LG