Accessibility links

Breaking News

Ou Itilize Facebook? Ou Taka Resevwa Lajan


Foto Achiv: Logo Meta a nan Menlo Park, Kalifoni, 9 Nov. 2022.
Foto Achiv: Logo Meta a nan Menlo Park, Kalifoni, 9 Nov. 2022.

Nempòt ki moun Ozetazini ki gen yon kont Facebook depi 24 Me 2007 kapab aplike pou pati pa yo de yon som lajan rezo lajistis egzije Meta - ki se konpayi ki jere rezo sosyal la peye - ki se yon total $725 milyon.

Meta oblije peye lajan sa a pou rezoud yon pwosè ki akize pi gwo platfòm sosyal ki egziste sou latè a deske li te pèmèt done prive plizyè milyon itilizatè rive jwen Cambridge Analytica.

Se konpayi sila a ki te apiye kanpay prezidansyèl Donald Trump la an 2016. Li pa klè konbyen lajan chak itilizatè pral resevwa.

Pou aplike pou pòsyon pa yo, itilizatè kapab ranpli yon fòmilè epi soumèt li an liy oubyen enprime l epi voye l bay Meta.

XS
SM
MD
LG