Accessibility links

Breaking News

WhatsApp Pral Kite Itilizatè yo Edite Tèks Mesaj yo


Foto Achiv: Applikasyon WhatsApp la sou yon telefon entelijan nan Nouyok, 10 Mas, 2017.
Foto Achiv: Applikasyon WhatsApp la sou yon telefon entelijan nan Nouyok, 10 Mas, 2017.

WhatsApp pral kite itilizatè yo edite mesaj yo.

Applikasyon chat "WhatsApp" anonse nouvo opsyon nan aplikasyon li an Lendi.

Li fè konnen yon itilizatè ap kapab korije fot òtograf, ajoute plis detay oswa chanje mesaj yo voye bay zanmi, fanmi ak kòlèg yo.

Se Meta ki pwopriyetè WhatsApp e li di kapasite pou edite mesaj yo deja disponib pou kèk moun e ke moun toupatou nan mond lan ap kapab jwi fonksyonalite sa a nan semèn kap vini yo.

Pou korije yon tèks, itilizatè a gen jiska 15 minit apre li fin voye l, li jis ap mete dwèt li sou mesaj la jiskaske li wè opsyon ki make "edite".

Apre ou finn fè chanjman yo wap wè "edite" sou tèks la men moun ki resevwa mesaj la pap ka wè diferan vèsyon tèks la, sèlman dènye vèsyon an li ap wè.

XS
SM
MD
LG