Accessibility links

Breaking News

Inyon Ewopeyen an Egzije Meta Peye $1,3 Milya Dedomajman


Foto Achiv: Logo Meta ki se pwopriyete Facebook devan katye jeneral konpayi an nan Menlo Park, Kalifoni, 28 Oktob 2021.
Foto Achiv: Logo Meta ki se pwopriyete Facebook devan katye jeneral konpayi an nan Menlo Park, Kalifoni, 28 Oktob 2021.

Inyon Ewopeyen an frape Meta ak yon amann reko $1,3 milya epi pase lòd ba li pou sispann transfere enfomasyon pesonel itilizate Ewopeyen yo Ozetazini anvan mwad Oktòb la.

Meta, ki te resevwa avetisman anvan sa ke sevis pou itilizate an Ewòp yo pral koupe, semante pou l ale ann apel kont desizyon an epi mande tribinal yo kanpe desizyon an an atandan.

Meta deklare Lendi - pa gen okenn koupi pou kounyea nan sevis Facebook an Ewòp.

Desizyon an aplike pou done itilizate yo tankou pa egzanp non, kourye elektwonik, mesaj, sa yo gade ak lòt enfòmasyon ke Meta ak lòt gwo konpayi teknoloji yo sevi pou determine ki anons piblisite yap fe w we.

Kont legal la vini apre ansyen anplwaye Ajans Sekirite Nasyonal Etazini Edward Snowden te revele ajans sekirite Etazini yo ap siveye mouvman elektwonik sitwayen yo.

XS
SM
MD
LG