Jedi 16 Me 2024, lapolis akize pou "tantativ asasinay" nonm ki te tire e blese Premye Minis Robert Fico a.
Etazini: Blinken anonse plis lòt asistans pou Ikrèn.
Nan peyi Lari, Prezidan Vladimir Putin di Mèkredi (15 me 2024 la ), twoup ris yo app ran plis teritwa chak jou sou chan batay la nan Ikrèn nan tout direksyon.
Sekrete deta Etazini Anthony Blinken fè yon visit sipriz nan Kiev kote li pwomèt plis assistans pou Ikrèn nan moman kote Kyèv ap travèse yon period difisil nan lagè a.
BEIJING (AP) — Minis Zafè Etranje Chinwa a fè konnen Prezidan Ris Vladimir Putin pral fè yon vizit deta ki gen pou dire 2 jou nan Lachin semèn sa a.
Depite liy du ameriken, madam Marjorie Taylor Greene fè kòlèg li yo sezi ayè mèkredi a lè li te mande yon vòt pou chavire lidè Chanm nan Mike Johnson. Palmantè yo rejte apèl la byen vit.
27 peyi nan Inyon Ewòp la rive jwenn yon akò Mèkredi 8 Me a sou itilizasyon revni ki soti nan byen Larisi ke yo jele sou kontinan Ewòp la, se sa ki soti nan yon reyinyon anbasadè peyi manm yo nan Bèljik ki gen prezidans Inyon an kounyea, dapre sa yon sous ekri sou rezo sosyal X.
Dè santèn sipòtè Izrayèl ak Gaza antre nan konfwontasyon nan Inivèsite Sydney nan peyi Ostrali jodi vandredi a, tankou se eko manifestasyon nan inivèsite Etazini yo ak boulvès Mwayenn Oryan an ki rive sou yon kanpis ki sou yon kontinan pa lòt bò mond la.
Sipesta foutbòl Ayisyen Melchie Dumornay pale ak jounalis VOA Kreyòl nan Paris Francklin Edouard Gedem's apre viktwa ki voye ekip li nan final Lig De Chanpyon Ewopeyen an.
WASHINGTON (AP) — Responsab sèvis ransèyman Ameriken yo detèmine ke Prezidan ris Vladimir Putin pa sanble te bay lòd pou touye lidè opozisyon Alexei Navalny ki mouri nan prizon nan mwa Fevriye pase.
KYIV, Ikrèn (AP) — Prezidan Ikrèn Vladimir Zelenskyy di ke yon atak misil Ris kraze yon antèn televizyon nan Kharkiv, e li fè konnen ke atak sa antre nan kad travay entimidasyon ke Kremlin an ap fè sou pèp Ikrenyen an.
Load more