Accessibility links

Breaking News

Responsab Sèvis Ransèyman Ameriken yo di Sanble Putin pat Bay Lód pou Touye Navalny

A person places a placard reading 'Putin killed Navalny!' as people pay tribute to late Russian opposition leader Alexei Navalny at a makeshift memorial in front of the Russian Embassy in Warsaw on March 1, 2024, following his funeral ceremony at the Bori

WASHINGTON (AP) — Responsab sèvis ransèyman Ameriken yo detèmine ke Prezidan ris Vladimir Putin pa sanble te bay lòd pou touye lidè opozisyon Alexei Navalny ki mouri nan prizon nan mwa Fevriye pase.

Yon responsab di ke kominote ransèyman Ameriken an jwenn ke pa gen okenn siy ki montre ke Putin te okouran de lè Navalny ta pwal mouri a ni ke li te bay lòd dirèkteman pou touye li.

Otorite a di li kwè ke finalman Putin te responsab pou lanmò Navalny ki te andire kondisyon brital lè li te fèmen nan prizon an.

Otorite a te pale sou kondisyon pou non li pa site paske sijè a delika.

Navalny sete politisyen opozisyon nan Larisi ke moun te plis konnen e li te mouri pandan li t ap prije yon santans 19 ane anba akizasyon ki, dapre li, te gen motif politik dèyè yo. Yon mwa apre, Putin te genyen reeleksyon.

XS
SM
MD
LG